Depi 1983, chak ane, nan zile kreyolofòn kote moun pale yon lang kreyòl ki baze sou franse, yo selebre lang kreyòl ak kilti kreyòl nan fen mwa oktòb. Anfèt, genyen yon jou espesyal pou selebre lang kreyòl yo. Jou sa a se 28 oktòb. Men, se pa sèlman nan zile kreyolofòn yo, moun selebre lang ak kilti kreyòl. Selebrasyon yo dewoule tou nan kominote kreyolofòn ki tabli nan gwo vil diaspora yo, tankou New York, Boston, Miami, Montréal, Toronto, Paris, elatriye.
Ane sa pou te selebre jounen lang ak Kilti Kreyòl, ekip PEPA Education Agency an te lanse yon kanpay sou jounen lang sila, kote yo te pote konsèy yo sou jounen sila epi kouman Kreyolofòn yo dwe fyè de lang yo a.
Jacob Hilaire SIFFREIN, se youn nan moun kite pataje moso mo li sou paj ofisyèl PEPA Education Agency an. Jacob se yon etidyen nan syans ledikasyon. Nou envite w’, gade videyo li an.
Se pa t sèlman Jacob kite pale nan jou sila, men Géraldine PÉPÉ, kise yon etidyen nan sans syans ledikasyon. Nan tout pakou videyo li an, li vle pale sou kouman nou dwe fyè pou n pale Kreyòl paske Kreyòl Ayisyen an te kontribiye pou te ban nou libète.
Pou te klotire jounen an, yo te pataje yon ansanm pwovèb ak piblik lan.
DGD TV