OEIL/ EDL
ENFANT DE LUMIÈRE
« L’organisation pour l’encadrement des infortunés de la lumière » gras ak komisyon sa kise EDL ( ENFANT DE LUMIÈRE ) rive òganize yon aktivite pou timoun anba tèm sa » timoun se boujon lavni » nan » legliz Shilo la compassion Blanchard »
Aprè tout sa timoun yo te fin sibi nan peyi lòk la ki donk yo mete aktivite sa pou yo te ka divèti yo pou Nwèl la epi pwofite pataje ak yo kèk kado.
Davidson METOUTE kise kwòdonatè EDL fè konnen ke timoun yo merite bon Jan ankadreman. Gras ak seri aktivite sa yo ekip yo a ap kapab montre nesesite pou yo ankadre timoun yo, paske yo se moun menm Jan ak tout moun, yo merite lanmou respè ak apresyasyon tout grandèt yo.
Nan sa ki gen a wè ak talan, yo chak gen yon talan diferan. Yo rive montre sa aklè jou ki te 25 desanm nan. Nan fason yo tap chante, defile epi danse.
Ann kontinye fè lespwa boujonen nan lavi timoun yo paske yo se « BOUJON LAVNI »
Fabienne BOUCARD, prezidan komisyon timoun yo » EDL » fè konnen ke travay ak timoun se pasyon li, li fè li ak anpil lanmou. Li avanse pou l di, lè n’ap gade konbyen timoun nan peyi nou ki manke jwenn asistans sa ki vinn pèmèt dèfwa lavi yo pase mal.
Nan sans sa, komisyon sa ede yo wè kijan pou yo viv byen nan sosyete epi ede yo projte yon la fwa ki se » la foi salvatrice »
Nan aktivite sa timoun yo te detann yo epi yo te aprann tou paske te gen Madam Djina Guillet DELATOUR ki te vin pale ak yo sou kisa yo dwe manje pou yo ka rete an sante.
Timoun yo te chante
Danse
Jwe pyès teyat
Defile
Epi responsab òganizasyon an te remèt kèk sètifika apresyasyon ak tout manb kifè pati komite direktè a epi ak tout komisyon yo.
N’ap ajoute (Oeil) pa gen sèlman komisyon sa kap travay ak timoun li genyen tou MEJ ( MAISON DES ENFANTS JOYEUX ) yon lòt komisyon kap travay ak timoun nan Divivye, nan blòk nan Site Solèy.
Davidson METOUTE
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.