Sa devni yon tradisyon depi tifi an fèt yo fèl konnen ke marye se yon gras, sa vin fè anpil fi depi yo poko marye tèt yo Cho, yo pè pou moun pa di doub 6 ap mouri nan men yo, oubyen doute de yo sitou ak vye kesyon moun ap poze sou yo chak jou. Tifi sa li menm gen yon defo li pap marye, petèt li pa jwenn yonn. Sa ki konn pi mal nan Jan de kesyon sa yo sèke yo konn sòti nan bouch fanm parèy yo. Sa souvan kwaze moral medam ki pa fin gen yon gwo kwayans nan tèt yo, sa ki konn fè yo pa marye ak moun ke yo renmen an, yo marye pa yon fòk, pou fè moun plezi. Pou pwouve ke yo se yon fanm tou. Tankou se maryaj ki pwove si ou fanm ou pa.
Depi tifi an fèt yo fè li konnen ke li dwe konn lave, repase, fè manje pou nou site sa yo sèlman paske demen se yon fòk pou li al fè yo pou yon gason…Poutan travay sa yo tout moun ta dwe konn fè yo. Anpil tifi ap tann yon gason vini leve yo atè a malgre yo ale lekòl menm jan ak yo tout dèfwa. Se pa fòt yo souvan, sa devni kiltirèl. Edikasyon Ayisyènn lan seksis anpil anpil. ( Ou jwenn plis ti gason ale lekòl ke tifi).
Yo leve medam yo ak lespri ke san gason yo fèb, yo paka pwoteje tèt yo, fòk yo ta jwenn apwobasyon gason pou santi yo bon. Sa menm konn koz yo ap eseye chèche vin yon moun ke yo pa ye lide pou fè gason plezi. Yo sanse pèdi tout pouvwa sou kò yo.
Edikasyon medam yo resevwa a, fè yo plis anvi marye ak yon gwo moun ke yo travay pou fè de tèt yo yon gwo moun. Anpil fi plis fyè pou di mari yo se Enjenyè, Diplomat, Jounalis olye pou yo di sa yo ye, tandans pou kache dèyè gason pou pale de reyisit yo. Minim fanm ki pa kwè ladan yo sosyete a souvan wè yo ak yon lòt je. Pou anpil nan yo feminis yo se rebèl, se yon move bagay, san bliye gen anpil gason ki pataje lide feminis yo.
Li lè pou medam yo deside marye si yo vle, lè yo vle yo epi ak gason ke yo vle.
Medam marye lè nou pare, pa gen fyète nan maryaj pandan moun lan ap imilye nou. Marye ak moun ki sanble ak nou nan tout sans.
Pa marye paske yo di w marye, pa marye paske tout Zanmi w yo fin marye, pa marye paske laj ap monte. Men marye lè nou vle.
Maryaj pa pote bonè, bonè a se anndan ou li ye, ou jis ale pataje li ak yon lòt. Si yon moun pa erez pou kòl li pap janm erez ak moun.
La PEPA