
Plis pase sèt lane apre ke yo te adopte lwa sa pa chanm Depite a ak Sena a, lwa sou frè lekòl an Ayiti te rive valide pa Prezidan Jocerlerme Privert, 3 janvye 2017, epi yo te rive pibliye li nan jounal ofisyèl nasyonal Monitè. Lwa a te prezante nan Palman an pa Senatè Kelly Bastien epi li kontwole frè lekòl yo, aktivite ki pa nan pwogram akademik lan e li tabli pousantaj lekòl prive yo ka ogmante tarif yo.
Neslon Mandela di, ledikasyon se zam ki pi pwisan pou chanje mond lan, men si nou ap kontaste kòman ti moso ledikasyon an Ayiti tèlman difisil ou ta va di ke yo poko prè pou chanjman Jan Ansyen Glwa Anfriken an fè krè sa. An Ayiti plis pase 320,000 timoun ki gen ant 6 a 14 lane pa janm ale lekòl yon jou nan vi yo. Apeprè 160,000 adolesan ki gen laj 15 a 18 lane pa ale lekòl. An total, dapre rezilta rechèch UNESCO te fè depi Septanm 2018, prèske 500,000 timoun ki gen laj 5 a 18 lane yo konplètman eskli nan sistèm lekòl an Ayiti epi yo apeprè 1 milyon timoun ki nan risk pou yo kite sistèm lan san yo poko fini.
Depi kèk ane, anpil lekòl an Ayiti ke yo rele GWO LEKÒL ap monte lajan yo plis toujou epi egzije paran yo vin peye lekòl la depi Dawout si yo pa vle pèdi Plas la. Lwa ki pa respekte paske sou sa koz lwa a di se nan antre lekòl la pou pran yo bay 50% epi rès pousantaj yo yap bay li an de pati kise 25% Pandan Yon peryòd epi lòt 25% nan yon lòt peryòd.
Se pa sèlman pati sa nan lwa a ke anpil lekòl vyole, men, yo vyole tou pati ki di kòman pou Yon dirèkte ta dwe monte lekòl la, si li ap monte li, Konbyen pousantaj pou yo mete anplis. Lè nou ap gade rezilta bak nan Peyi a yo toujou pote tristès tankou ane sa lwès bay pou tradisyonèl la 40,19% sa ki eksplike yon echèk total pou depatman an.
Eske lè lekòl yo monte kòb yo, yo ogmante tou kòb pwofesè yo paske nou konnen se pwofesè yo ki ap travay ak timoun yo, lè nou ap gade kèk bagay ki ka pwodui echek skolè nou jwenn kalite anseyman, fòmasyon pwofesè yo, mank enplikasyon paran yo pou nou site sa yo sèlman.
Ogmante kob lekòl yo èske se pa Yon inegalite skolè ke nou ap ogmante a vitès nan Peyi a paske gen paran ki pa ka peye kòb sa yo, sa ta vle di menm ti moso ledikasyon nap bay timoun yo pa egal, poutan timoun yo se avni peyi a, deja nap kreye yon avni inegalitè pou menm Peyi a. Gen lekòl ki tèlman egzajere, depi paran yon timoun paka montre viza li, pou li di nan ki peyi li pase vakans li, ki mak machin li genyen. Timoun yo a pa diy pou antre lekòl.
Lekòl an Ayiti si inegal paske sosyete a inegal, epi paske sistèm edikasyon an favorize moun ki pi favorize yo.

Ekri pa Géraldine Alçenat PÉPÉ.
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.