Site Solèy loreya nan egzamen nevyèm pou lwès

Prezidan François Duvalier te fonde Site Solèy nan lane 1960 e li te pote non « Site Simone », an referans ak madanm li Simone Ovide. Site Solèy se yon minisipalite ki lokalize nan depatman lwès ak nan awondisman Pòtoprens. Popilasyon an gen 265 072 moun (resansman pa estimasyon nan lane 2015), se pi gwo bidonvil ki genyen nan peyi Dayiti. Kòd Postal li se: HT 6122. Dansite li se 12,154 abitan/km2, kòdone gewografik li se 18 ° 35 ′ 00 ″ nò, 72 ° 20 ′ 06 ″ epi li mezire 21.81 km2.

Anviwon 22,000 timoun nan Site Solèy ale lekòl daprè yon rapò UNICEF ak OIM te sòti nan lane 2006. Pou lane 2019 la nou pa vrèman ka bay Konbyen timoun ki rive jwenn chans ale lekòl nan kominote sa paske se chak jou moun yo ap fè pitit epi lavi a ap vin pi di pou yo. Yon kominote kote timoun ap fè timoun. Kondisyon aprantisaj yo pa fasil kote timoun yo pa gen liv, kaye, plim ak kreyon pou yo travay.Nan kominote sa genyen Yon pakèt lekòl, lekòl ki pa rekonèt, lekòl ki nan valiz. Malgre sa gen yon kèk lekòl ki ap fè efò ke popilasyon an ka fè yo konfyans tankou St Alphonse kite bay loreya nasyonal nan egzamen filo nan lane 2009, genyen tou Lycée National de Cité Soleil, ak Foyer Culturel du Mexique pou nou site sa yo sèlman.Ane sa malgre sitiyasyon Peyi a, pou ajoute ak kondisyon aprantisaj timoun yo, kote yo pa gen materyèl, anpil nan yo pa souvan jwenn manje avan yo ale lekòl ni lè yo retounen, nou konnen ki enpòtans manje genyen nan lavi yon timoun ki ap aprann. Gen timoun se chak jou direktè ap voye yo tounen paske paran yo poko ka peyi ane lekòl la, malgre sa yo rive loreya pou lwès nan rezilta egzamen nevyèm ane sa, ak yon pousantaj 93%.

Site Solèy ankò montre yon lòt fwa ke yo sou wout chanjman an. Ledikasyon se Yonn nan wout ki mennen w vè siksè, si kominote sa anbrase l, nou bezwen sèlman ankadre yo pou yo toujou rete konsa pandan nap ede pou plis timoun ki pa jwenn chans ale lekòl ka antre lekòl paske wòl lekòl se fòmatize lòm. Tout moun bezwen fòmasyon kèlkeswa kote li sòti.

Otè, Géraldine Alçenat PÉPÉ

Publié par DGD TV

Média en ligne

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer