Sosyete: Peche pwason yon aktivite ki mal fèt an Ayiti

Nan zòn bò lanmè yo gen aktivite se de li moun nan zòn sa fè pou yo viv.
Kise pèch, yo peche pou bay pitit moun, pitit manje ak madanm ak fè lòt sèvis enpòtan.

Kòm lanmè a gratis se BonDye ki mete li pou moun ka viv. Pou benyen epi fè anpil lòt bagay ankò ladan.
Nan peyi serye lapèch ta dwe yon resous pou tap sèvi byen ak bon egkipman, malerezman se pa sa ki fèt an Ayiti.
Sou yon ti baton a vwal anbwa kole ak kól yon senn yo rele filè, pou yo lal fè lak.

Yon pechè pwason ki rele Pierrot eskplike DGD TV nan yon Se ti pale ke peche pwason se yon ativite ki trè difisil, lè nou al peche nou al vann machann pwason yo, yo pa vle ba nou kòb nou mande a, paske machann yo gen tandans di, Pwason an se byen Natirèl. Nou konn leve bò 1è nan maten pou nou al peche, al met senn pou aprè pou nou al deyè l. Gen nan nou ki konn talman ale lwen sa konn rive yo pa retounen, yo pèdi lavi yo, yo al echwe sou zile yo.

Lavi pechè an Ayiti pa fasil, yo pa jwenn ankadreman, yo lage pou kò yo. Lè nou ap gade tout avantaj lanmè ka bay, kòman li ka ede sektè touris la grandi, men se li yo plis maltrete.

Pechè yo pa jwenn fòmasyon ase, lè yo jwenn ti pwason yo pran yo, poutan yo ta dwe retounen yo lage nan lanmè a pou yo ka al grandi, pwason ki rèk yo, majorite mouri nan lanmè a paske yo granmoun ase.

Si nou ap eseye analize, nan kèk ane li ka difisil pou nou jwenn ase pwason pou nou nouri kò a, lè nou konnen pwason bon pou zye, nan tèt pwason an gen Yon gwo vitamin ki rele YÒD, ki bon anpil.

Ann ede pechè yo nan ankadreman pou yon lòt meyè.

Mardoché ST VIL.

Publié par DGD TV

Média en ligne

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer